Ordre Milokan

ÒD MILOKAN Yon alyans ant espirityalite ak syans ezoterik vodou Ayisyen pou louvri pòt konesans ki deja nan ou!

Zaka Mede

Icon 1 OD MILOKAN Ayibobo!

Kiyès Nou Ye

Òd Milokan se yon òd vivan kote espirityalite ak syans ezoterik vodou Ayisyen an makonnen pou gide moun nan dekouvèt tèt yo. Nou kwè nan fòs enteryè chak moun gen nan li, nan kapasite li pou konekte ak enèji inivèsèl Zanseèt yo, epi transfòme lavi li atravè konesans pwofon ki deja nan li.

Nou pote yon apwòch ki ini tradisyon vodou a jan zansèt yo te mouri kite l pou nou a ak konpreyansyon syantifik sou vibrasyon, enèji, ak konsyans. Misyon nou se gide w pou w louvri pòt konprann tèt ou pi byen, libere potansyèl ou, epi viv an amoni ak tout sa ki egziste.

Depi kreasyon nou, Òd Milokan ap aji kòm yon pon ant sa ki vizib ak sa ki envizib yo, ant eksperyans pèsonèl ak eritaj kolektif, pou tout moun kap chèche yon chemen otantik nan evolisyon espirityèl ki chita nan pròp kilti yo.

Nou pa sèlman ansenye, nou akonpaye ou pou w viv verite w.

Icon 1 OD MILOKAN Ago Lisagbadya!

Misyon nou

Vodou ayisyen, twòp fwa mal konprann oswa tache ak kritik malveyan, se yon tradisyon ezoterik rich, ki pote tout kalite syans pou moun viv potansyèl vibratwa pwofon yo, rasinen nan eritaj lakay. Misyon nou se sèvi ou, eklere w, epi gide w pou ede w libere tout potansyèl espirityèl ou nan kilti w.

 

Angajman nou pran devan Ginen yo, ki charye nou ak misyon sa, se :

Ofri ansèyman ki makonnen tradisyon espirityèl zansèt nou yo ak avansman syantifik jodi a.

Ankouraje yon konpreyansyon ouvè, ki sipòte ak wo konesans Vodou ayisyen an, ki aksesib pou tout moun — inisye kou moun k ap chèche konprann.

Kreye espas konesans ak pratik nan tout mond lan, kote Ayisyen ak desandan Ayisyen ye, pou pataje eksperyans ak transmisyon.

Retire mistè ki kouvri gran Sajès ayisyen sa a epi mete l an valè nan yon vizyon ki, an menm tan, ap fè briye grandè kwantik ak akademik li.

Liminen

Icon 1 OD MILOKAN Afoutayi!

Koute, Aprann, Transfòme: Vwayaj Ou Kòmanse Isit



Antre nan linivè Òd Milokan atravè vwa sa a. Nan chak epizòd, nou pataje ansèyman espirityèl, refleksyon ak konesans sou syans ezoterik vodou Ayisyen an, nan aspè espirityèl otantik li, pou gide ou sou chemen konesans tèt ou.
Koute, reflechi, epi grandi ansanm ak nou.

Rete konekte ak nou!

Rete enfòme sou tout nouvo epizòd podkas, atik blòg, ak evènman espesyal Òd Milokan.
Chak nouvo piblikasyon se yon lòt etap sou chemen konesans Vodou ou.

    Pwochèn Etap sou Chemen Milokan Ou

    Antre nan evènman, fòmasyon, ak rityèl ki fèt pou elve konsyans ou, ranfòse kapasite mistik ou, epi pote ou pi pre verite w ap chèche a.