Fòmasyon nou yo fèt pou tout moun k ap chèche konprann ak aprann plis Vodou ayisyen an, Yo vize moun ki anvi devlope kapasite enteryè yo, pou reyalize potansyèl espirityèl yo, epi elaji konsyans yo pou antre nan yon pi gwo konesans sou tèt yo ak linivè yo.
Nan chak sesyon, wap jwenn ansèyman espirityèl otantik zansèt nou yo nan yon langaj syans ezoterik ki klè pou konprann, nan lide pou kreye yon eksperyans aprantisaj ki pwofon, estriktire, epi ki aplikab nan lavi chak jou ou. Se yon chemen ki pa sèlman bay konesans, men kap louvri pòt pou yon transfòmasyon enteryè reyèl vodou, kote Sa w pa wè yo, kò w, ak enèji ou ap antre nan yon amoni ki solid epi sakre nan pròp kilti w.
💬 “Louvri pòt konesans ou ak eritaj Ginen an.”
📆 1e – 7 chak kòmansman mwa
📍 Anliy & An Pèsòn
Pandan vwayaj aprantisaj sa a, ou pral konekte ak eritaj Ginen ou, aprann teknik espirityèl tradisyonèl vodou a, epi antre nan pratik vivan kap elve konsyans ou, ranfòse vibrasyon ou, ak ouvri pòt nan dimansyon espirityèl la. Objektif prensipal la se gide ou nan yon transfòmasyon enteryè pwofon kote konesans ak eksperyans ap tounen zouti pou w viv an amoni ak tèt ou epi linivè yo.
💬 “Pran direksyon ki klè pou chemen ou.”
📆 Aksesib aprè 3 mwa fòmasyon endividyèl
📍 Anliy oswa an pèsòn
Syans Vibratwa ak Memwa Mistik Vodou! Dekouvri kijan enèji ak vibrasyon Dlo ka enfliyanse lavi ou, ak kijan dlo ka sèvi w kòm transmetè epi memwa espirityèl pou w konekte ak tèt ou, ak sa w pa wè yo epi Zansèt ou yo.
Fòmasyon sa a pa sèlman yon konesans entelektyèl; li se yon vwayaj inisiyatik kap louvri pòt nan yon konpreyansyon vivan sou lyen ant materyèl ak imateryèl,
“Ou pa yon senp imen ou se yon èt espirityèl ak mistik.”
Aksesib aprè 3 mwa fòmasyon endividyèl
Anliy oswa An Pèsòn
Aprann kijan dimansyon fizik ak espirityèl kominike, epi dekouvri wòl Lwa yo ak antite ou yo kòm pwen koneksyon ant de mond sa yo. Fòmasyon mistik sa a ap pèmèt ou idantifye ak konnen Lwa yo, konprann siy ak kominikasyon Antite yo, epi pratike fè mistik ak teknik tradisyonèl vodou otantik espirityèl la.
Konprann prensip, istwa, ak estrikti mistik Vodou ayisyen an, depi nan rasin li rive nan pratik avanse li yo.
Pèsepsyon ak vizyon ou vin elaji, koneksyon enteryè ou sou plan espirityèl ak emosyonèl ou ranfòse.
Aprann santi, dirije, ak balanse fòs vibratwa w pou w geri tèt ou, pou pwoteksyon w ak evolisyon pèsonèl ou.
Pratik yo respekte rasin Ginen an, prezève rityèl, konesans, ak vibrasyon sakre yo, jan zansèt yo te transmèt eritaj la a.
yon Koneksyon Miltidimansyonèl
Louvri Pòt Espirityalite Vodou
YON CHEMEN POU KONN TÈT OU
Dekouvri ansèyman pwofon sou Vodou Ayisyen an depi kounya, yon seri epizòd podkas ki melanje tradisyon ak konpreyansyon byen klè. Chak epizòd se yon etap pou louvri konsyans ou, ranfòse koneksyon ou ak rasin ou, epi fè ou grandi nan chemen espirityèl vodou a.
Tande nenpòt epizòd nenpòt lè, nan pwòp rit ou. Soti nan baz Vodou Ayisyen an rive nan teknik mistik avanse, podcast sa a ba ou zouti pou w kòmanse transfòme tèt ou.
Aprann Vodou Ayisyen se yon seri podkas Ordre Milokan difize avèk Jean Marc Hyppolite pou tout moun kap chèche konnen ak konpran VODOU AYISYEN an nan kad espirityèl ak Mistik li.
-Epizòd 1 an ap prezante nou kisa Ordre Milokan ye.
-Yon epizòd ap sòti chak SAMDI.
Abòne pou w pa rate okenn epizòd
Aprann Vodou Ayisyen se yon seri podkas Ordre Milokan difize avèk Jean Marc Hyppolite pou tout moun kap chèche konnen ak konpran VODOU AYISYEN an nan kad espirityèl ak Mistik li.
-Epizòd 1 an ap prezante nou kisa Ordre Milokan ye.
-Yon epizòd ap sòti chak SAMDI.
Abòne pou w pa rate okenn epizòd
Pa gen okenn baryè pou konesans. Kit ou se yon debitan oswa yon inisye, ou ka antre nan konesans sakre sa yo epi aplike yo nan lavi ou.