Podkas Òd Milokan

Aprann Vodou Ayisyen

Koute, konprann, epi antre nan konesans Vodou ayisyen an pa lantremiz bon jan ansèyman estriktire k ap ede w dekouvri tèt ou, enèji Lwa yo, espirityalite ak mistik Vodou a.

9 EPIZÒD · AN KREYÒL AYISYEN · AK KEBYESOU DANLE · GRATIS SOU SPOTIFY

Konprann sa w ap aprann nan

Nou pa rete nan mo oswa kwayans san fondman. Chak sijè devlope pou ede w konprann prensip, relasyon ak fonksyònman ki dèyè li.

Avanse etap pa etap

Epizòd yo òganize kòm yon chemen aprantisaj klè. Chak nouvo sijè ap ede w ajoute plis konesans sou sa w deja konprann pou w antre pi fon nan konesans lan.

Konesans Vodou nan lang nou

Ansèyman yo fèt an Kreyòl Ayisyen, avèk yon apwòch ki respekte eritaj Vodou a pandan l ap rann konesans lan pi klè, aksesib ak estriktire.
POUKISA PODKAS SA ENPÒTAN

Yon podkas pou konprann Vodou ak plis klète

Chak epizòd fèt pou ede w konprann yon aspè presi nan konesans Vodou ayisyen an. Nou pran konsèp yo youn apre lòt, nou esplike yo nan yon fason estriktire, epi nou montre kijan yo konekte pou ede nou grandi konsyans nou ak konesans nou sou otantisite espirityèl ak mistik Vodou ayisyen an.
EPIZÒD VEDET · DÈNYE EPIZÒD

Pèsonalite, dekouvri kisa li ye dapre Vodou Ayisyen an — Epizòd 9

Konsyans · Mistik · 31:51 · 23 mas
Nan epizòd sa a, nou antre nan yon kesyon fondamantal: kisa “Pèsonalite” ye nan eksperyans moun nan dapre Vodou ayisyen an? Nou eksplore relasyon ki genyen ant pèsonalite a, konsyans ak diferan dimansyon k ap enfliyanse fason nou panse, santi ak viv chak jou.

Koute sou Spotify ↗

OU NOUVO ISIT LA? KÒMANSE AK 3 EPIZÒD SA YO

EPIZÒD 06

Diferan kò moun nan Vodou Ayisyen

Kò espirityèl · 1:00:30
Kijan Vodou ayisyen wè nati moun selon diferan kò yo: espirityèl, enèjetik ak fizik.

EPIZÒD 07

Kò Gwo Bon Anj | Kisa Lwa ye

Kò espirityèl · Lwa · 57:55

Konesans sou youn nan kò moun yo, epi sa Lwa yo ye reyèlman daprè tradisyon espirityèl vodou ayisyen an.

EPIZÒD 08

Kò Ti Bon Anj lan nan Vodou a

Kò espirityèl · 22:16

Wòl kò “Ti Bon Anj” lan ak diferan pati ki konpoze l daprè tradisyon Vodou a.

Eksplore bibliyotèk podkas ↓

BIBLIYOTÈK PODKAS

Eksplore tout epizòd yo selon sijè ki enterese w

9 epizòd

Aprann Vodou Ayisyen

EPIZÒD 01 · Baz Vodou · 15:12

Yon premye antre nan Òd Milokan, konesans sou yon pilye santral nan Vodou ayisyen ki pote amoni, sajès ak inite.

Dimansyon yo e Espas Paralèl yo

EPIZÒD 02 · Dimansyon · 39:04

Konprann dimansyon espirityèl yo ak reyalite paralèl yo daprè tradisyon Vodou a.

Vwayaj Konsyans nou atravè Dimansyon yo

EPIZÒD 03 · Konsyans · Dimansyon · 49:02

Kijan konsyans lan vwayaje atravè espas paralèl yo. Yon eksplorasyon estriktire ak bazik pou yon bon ansèyman.

Diferan Eta Konsyans yo nan nou

EPIZÒD 04 · Konsyans · 1:08:23

Diferan eta konsyans ki nan nou, epi kijan yo mennen nou nan diferan eksperyans espirityèl.

Eksperyans nan ond serebral nou yo

EPIZÒD 05 · Konsyans · Enèji · 1:04:49

Kijan nivo konsyans ki mare ak ond serebral yo enfliyanse eksperyans mistik ak eta trans.

Diferan kò moun nan Vodou Ayisyen

EPIZÒD 06 · Kò espirityèl · 1:00:30

Kijan Vodou ayisyen wè nati moun selon diferan kò yo: espirityèl, enèjetik ak fizik.

Kò Gwo Bon Anj | Kisa Lwa ye

EPIZÒD 07 · Kò espirityèl · Lwa · 57:55

Konesans sou youn nan kò moun yo, epi sa Lwa yo ye reyèlman daprè tradisyon espirityèl vodou ayisyen an.

Kò Ti Bon Anj lan nan Vodou a

EPIZÒD 08 · Kò espirityèl · 22:16

Wòl kò "Ti Bon Anj" lan ak diferan pati ki konpoze l daprè tradisyon Vodou a.

Pèsonalite, dekouvri kisa li ye dapre Vodou Ayisyen an

EPIZÒD 09 · Konsyans · Mistè · 31:51

Mistè ki antoure pèsonalite w, epi kijan dimansyon yo enfliyanse lavi w chak jou.

Sa w ap aprann

Senk domèn konesans kap fofile nan tout podkas la

01

Konesans tèt ou

Wè kiyès ou ye anndan w, ak sa k ap deside konpòtman w.
02

Sajès Vodou a

Baz tradisyon an, san foklò ak san voye monte.
03

Konsyans

Eta konsyans yo, ond serebral yo ak eksperyans mistik.
04

Enèji ak dimansyon

Espas paralèl yo ak jan enèji sikile nan yo.

05

Lwa ak reyalite mistik

Kisa Lwa yo ye reyèlman, ak kijan yap aji nan lavi moun.
RETE KONEKTE AK PODKAS LA

Resevwa nouvo epizòd yo dirèkteman nan imel ou

Antre imel ou pou nou ka fè w konnen chak fwa yon nouvo epizòd disponib, ansanm ak lòt kontni Òd Milokan.

Pa gen spam. Ou ka dezabone nenpot lè.

Podcast la se pòt la. Fòmasyon an se chemen an.

Podkas la ap pèmèt ou dekouvri prensip ak konsèp yo. Fòmasyon Òd Milokan yo ap ede w òganize konesans sa yo.
Sou Òd Milokan

Yon espas ayisyen pou konesans, fòmasyon ak gidans espirityèl

Òd Milokan transmèt konesans Vodou ayisyen an avèk yon apwòch estriktire, klè ak syatifik. Podkas la fè pati menm chemen sa a: ede moun konprann prensip yo, òganize konesans yo, epi antre pi fon nan dimansyon espirityèl ak mistik Vodou a.

kebyesou-danle

Podkas la prezante pa Kebyesou Danle — Gid Espirityèl Òd Milokan.

9
epizòd piblik, gratis
100%
an Kreyòl Ayisyen
Estriktire
modil pa modil
Sèk Milokan

kominote ayisyen nan mond lan

Ou pare pou pase soti nan tande pou rive nan konprann ?

Dekouvri fòmasyon Òd Milokan yo epi antre nan yon aprantisaj estriktire sou tèt ou, enèji Lwa yo, konsyans ak konesans Vodou a.
seal-slogan-serment.png
Sèk Milokan
Kominote a nan tout mond lan