Ordre Milokan

Fòmasyon Espirityèl & Mistik

ÒD MILOKAN on vwayaj aprantisaj pwofon ki makonnen espirityalite ak syans ezoterik vodou Ayisyen pou devlope konesans sou tèt ou ak linivè yo!

Ordre milokan Consultation

Icon 1 OD MILOKAN Mennen Koulèv la lekòl se youn, fèl chita se de!

Poukisa Fòmasyon Òd Milokan yo?

Fòmasyon nou yo fèt pou tout moun k ap chèche konprann ak aprann plis Vodou ayisyen an,  Yo vize moun ki anvi devlope kapasite enteryè yo, pou reyalize potansyèl espirityèl yo, epi elaji konsyans yo pou antre nan yon pi gwo konesans sou tèt yo ak linivè yo.

Nan chak sesyon, wap jwenn ansèyman espirityèl otantik zansèt nou yo nan yon langaj syans ezoterik ki klè pou konprann, nan lide pou kreye yon eksperyans aprantisaj ki pwofon, estriktire, epi ki aplikab nan lavi chak jou ou. Se yon chemen ki pa sèlman bay konesans, men kap louvri pòt pou yon transfòmasyon enteryè reyèl vodou, kote Sa w pa wè yo, kò w, ak enèji ou ap antre nan yon amoni ki solid epi sakre nan pròp kilti w.

Pwogram Fòmasyon Òd Milokan

Fòmasyon endividyèl pou bati baz konesans sou tèt ou ak vodou a, yon chemen pou inisiyasyon estriktire pou w antre nan kè Milokan ki nan ou, epi yon mistè dimansyon ak Lwa yo pou w konprann pon ki genyen ant dimansyon vizib ak envizib yo. Ideyal pou moun k ap chèche devlopman espirityèl, fòmasyon sou vodou ayisyen an, ak syans ezoterik serye ki gen lakay nou.

Ki jan nou anseye?
Anliy oswa an pèsòn
Teyori ki tounen pratik, akonpayman pèsonalize, epi zouti pou lavi chak jou.

  • Sesyon teyorik + pratik 
  • Diskisyon entèaktif 
  • Devwa/egzèsis pou lakay + resous dijital
  • Swivi endividyèl pou mezire pwogrè
  • Ordre Milokan
  • zoom class
  • Dangbala

Avantaj Fòmasyon nan Òd Milokan

Veve Loko

Konesans pwofon sou Vodou ayisyen an

Konprann prensip, istwa, ak estrikti mistik Vodou ayisyen an, depi nan rasin li rive nan pratik avanse li yo.

dangbala

Ouvèti konsyans ak devlopman enteryè

Pèsepsyon ak vizyon ou vin elaji, koneksyon enteryè ou sou plan espirityèl ak emosyonèl ou ranfòse.

veve Legba

Kapasite pou travay ak enèji epi vibrasyon

Aprann santi, dirije, ak balanse fòs vibratwa w pou w geri tèt ou, pou pwoteksyon w ak evolisyon pèsonèl ou.

Ayizan velekete

Voudou otantik jan zansèt yo te mouri kite

Pratik yo respekte rasin Ginen an, prezève rityèl, konesans, ak vibrasyon sakre yo, jan zansèt yo te transmèt eritaj la a.

Temwayaj kèk etidyan

yon Koneksyon Miltidimansyonèl

Pou premye fwa, mwen aprann anpil enfòmasyon reyèl sou limanite ki vrèman miltidimansyonèl. Konpreyansyon sa a reveye koneksyon espirityèl avèk antite anndan mwen ak deyò mwen. Koneksyon sa yo louvri pòt mistik, e yo ban mwen pouvwa ak opòtinite pou mwen pote chanjman pozitif nan lavi pa mwen ak fanmi mwen.
Winnie

Winnie, 48 lane

Florida

Louvri Pòt Espirityalite Vodou

Mwen tonbe sou podkas yo, mwen kòmanse tande yo , la menm mwen te vrèman enterese pou m’ te retrouve Kebyesou , se la mwen ta pral pran wout espirityèl sa a la recherche de konesans vrè espirityalite vodou a. Jodi a tikal konesans vodou mwen genyen mwen pa regrèt tan an , mwen aprann anpil e map kontinye aprann , paske mwen grandi spirityèlman palan.
Jean Rene,

Jean Rene, 40 lane

Delray Beach Florida

YON CHEMEN POU KONN TÈT OU

Fòmasyon yo ban mwen zouti pou konprann siy Antite yo, kominike ak yo, epi sèvi ak enèji yo nan lavi m chak jou. Sa chanje fason mwen wè mond lan epi ranfòse konfyans mwen nan wout espirityèl mwen. jodi a mwen santi m vin pi konekte ak tèt mwen epi ak rasin mwen. Metòd Òd Milokan yo klè, pwofon, epi yo ouvri pòt sou reyalite mwen pa t janm imajine.
Clara

Clara, 61 lane

S.Plainfield NJ

Depi kounya ou ka Kòmanse Antre nan Mond aprantisaj Konesans lan

Dekouvri ansèyman pwofon sou Vodou Ayisyen an depi kounya, yon seri epizòd podkas ki melanje tradisyon ak konpreyansyon byen klè. Chak epizòd se yon etap pou louvri konsyans ou, ranfòse koneksyon ou ak rasin ou, epi fè ou grandi nan chemen espirityèl vodou a.

Libète Pou
Aprann Jan Ou Vle

Tande nenpòt epizòd nenpòt lè, nan pwòp rit ou. Soti nan baz Vodou Ayisyen an rive nan teknik mistik avanse, podcast sa a ba ou zouti pou w kòmanse transfòme tèt ou.

San Limit Nan
Eksperyans Ou

Pa gen okenn baryè pou konesans. Kit ou se yon debitan oswa yon inisye, ou ka antre nan konesans sakre sa yo epi aplike yo nan lavi ou.